Impact Norwood ansanm ak Depatman Sante Piblik Norwood la ap òganize premye sondaj pou inisyativ Minds Matter la. Objektif sondaj la se pou ede nou jwenn plis enfòmasyon osijè sante mantal ak byennèt manm endividyèl nan kominote a. Inisyativ Minds Matter lan pwomouvwa itilizasyon INTERFACE; se yon sèvis referans pou sante mantal pou pasyan ekstèn ki gratis epi konfidansyèl pou timoun, adilt ak fanmi yo, yon sèvis William James College ofri.